Djeebens – Pa pè pale (official video)

“Pa pè pale” se nouvo video ke Djeebens ap prezante nou kote li ap eksplike pakou li pou li rive kote li ye konyea.

Nan mizik sa Djeebens rakonte sa anpil moun pa gen kran ase pou avwe, yon seri verite ki a la fwa touchan e motivan.

Atis la kite Haiti nan lane 2010 poul al Chili, lèl rive chili li pase anpil mizè kote li te menm konn dòmi sou plas piblik.

Yon bon prochen te vin fèl jwenn yon ti travay lave machin men apre kelke tan kontra li pral fini kote li lage kòl Brezil.

Answit li pran chemen pou Etazini kote li pase 9 peyi a pye li bat forè, atis la pat kache di nou gen moun ki pèdi lavi yo nan wout.

Rive Etazini li te panse bagay yo te pral dous men yon lòt gouvènman monte yo menase pou depòtel li oblije travèse Canada .

Lèl rive Canada apre 6 mwa yo bal papye.

An rezime Djeebens se yon istwa vivan de yon moun ki gen kouraj ak pèseverans e nap envitew al gade video sa..

Pa pè pale .

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

%d blogueurs aiment cette page :