Hit Music News

Paul Beaubrun devwale “Vertières”, yon albòm ant memwa, eritaj ak kilti ayisyen

Paul Beaubrun, pitit Lolo ak Manzè (Boukman Eksperyans), devwale vandredi 28 dawout 2026 nouvo albòm li ki rele “Vertières”. Se yon pwojè ki chita nan kafou rit tradisyonèl ayisyen yo, rock ak blues, chante an kreyòl ayisyen ak an anglè, epi ki pale de idantite, transmisyon, memwa ak eritaj kiltirèl.

Albòm nan fèt an kolaborasyon ak LAKOU Records ak Lovebrand Records. Pou distribisyon entènasyonal la, atis la mete men ak The Orchard, yon branch Sony Music — yon siyal klè ke pwojè a vize odyans atravè lemond, san li pa pèdi rasin li.

Chwa non “Vertières” la pa yon aza. Li renvoie dirèkteman nan batay Vertières, 18 novanm 1803, nan nò peyi Dayiti, kote lame endijèn nan te kanpe fas ak twoup franse yo — kèk semèn anvan pwoklamasyon endepandans lan, 1ye janvye 1804. Atravè non sa a, Paul Beaubrun mete pwojè li a nan yon refleksyon sou memwa istorik ak sou figi ki make lit pou libète yo.

Sou rezo sosyal li yo, nan mesaj ki anonse soti albòm nan, atis la ekri : “Jodi a, MWEN SE VÈRTIÈRES. Mwen se Desalin, mwen se Malcolm X, mwen se Boukman, mwen se manman m, mwen se Claire Heureuse, mwen se flanm dife a.” Yon deklarasyon ki mete ton an : se pa sèlman mizik, se yon pran pozisyon.

Avèk “Vertières”, Paul Beaubrun kontinye fouye nan eritaj ki fòme linivè mizikal li a, pandan l ap fè dyaloge sonorite ayisyèn yo ak tradisyon dyaspora a. Yon albòm pou koute ak zòrèy, men tou ak kè.

Èske nou gentan koute l ? Di nou ki moso ki manyen nou plis nan kòmantè yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *